Kisa pou ou konnen sou nou Lakou lapè

Misyon nou ak vizyon nou

Lakou Lapè ap bati yon Ayiti ki gen plis lapè nan transfòme vyolans ak konfli soti nan moun yo, nan kominote yo rive nan sosyete ayisyen an antye.

Lakou Lapè prevwa yon Ayiti pasifik ak pwospè nan yon kreyasyon ak apwofondisman relasyon moun ak moun malgre divizyon, pou ansanm nou bati yon sosyete ki chita sou jistis pou tout moum,  kote tout moun gen menm valè .

Poukisa yo rele nou Lakou Lapè?

Lakou Lapè sonje ak onore istwa lakou tradisyonèl yo epi avèk respè,  ransanble pitit Ayiti  yo an yon fanmi nan lakou a pou yo ka reve epi ansanm nou bati yon Ayiti pasifik san fòs kote.

Menm jan ak yon lakou / fanmi, LKLP respekte chak moun epi bay valè a transfòmasyon chak grenn moun  ki trè enpòtan nan pwosesis konsolidasyon lapè. Chak m patisipe nan bati kominote pasifikl  ki lè sa a, bati yon sosyete plis pasifik.