Istwa nou

Vyolans limite kapasite kominote yo pou yo fleri. An 2005, Concern Worldwide te pran desizyon pou li patenarya ak Glencree Center for Peace and Reconciliation pou kreye yon pwosesis lapè mikwo ki ta pèmèt travay devlopman yo pi efikas nan kominote St Martin.

Pandan pwosesis sa a, li te vin aparan ke vyolans lan nan St Martin te gen anpil aktè ekstèn ak souvan envizib, kèk nan sektè prive a ak lòt moun nan sektè politik yo. Pandan kèk lane kap vini yo, yo te mete ansanm diferan aktè nan St Martin pou yo fòje relasyon ki pat sannble ki pat sanble yo  te janm ka fètch. Pwosesis la te pwouve gen enpak lè an 2008, pandan revòlt “kloroks manje” (aba grangou } an, manm gang Sen Matin  piblikman fè konnen yo te plis entèrese nan angaje nan dyalòg ak sektè prive a pase pou yo patisipe nan manifestasyon ak nan zak vyolans.. Pandan ke nan lòt zòn, biznis yo te domaje, pat gen yon sèl biznis ki te manyen oswa kraze nan zòn ki te angaje nan pwosesis dyalòg la.

Yo te kreye bonjan relasyon konfyans ki louvri pòt pou gwo kolaborasyon fèt ak tout manm  nan sektè yo, epi finalman, malegre ke sa pat dire lontan, te  toujou gen yon gwo rediksyon vyolans nan St Martin. Li te vin klè ke yon aspè enpòtan nan rediksyon dirab vyolans ki gen pou wè ak gang  gen rapò ak te depann sou transfòme kalite lidèchip la. Pwossesis  sa ate  mennen nan yon kantite voyaj pou etid nan peyi l’Iland ak fòmasyon an Ayiti ke aktè Ilandè fè , ansanm ak politisyen, moun biznis ak ansyen konbatan. Men lis kèk nan vizitè:

Fasilitatè

Lidè gang yo.

 manm nan sosyete sivil la

aktè sektè prive

ofisye polis yo

manb sektè atizan ak kilti

Eksperyans ke yo viv nan St Martin  ak egzanp yo obsève sou pwosesis ki te reyisi en peyi l’Iland, te enpsire kreyasyon ofisyèl Lakou Lapè en 2013.